
Èske ou pa ta renmen gen pwòp kat debi pa w ak yon kont PayPal k ap fonksyone byen pou w ka fè tout tranzaksyon w sou entènèt san pwoblèm?
Si repons lan se wi, ou nan bon kote a! Depi an Ayiti, li ka parèt tankou yon gwo mòn pou w jwenn yon mwayen peman entènasyonal pou w peye pou sèvis ou bezwen, oswa menm pou w retire kòb ou fè sou TikTok. Men, jodi a, teknoloji a rann sa pi senp pase sa w panse.
Nan gid sa a, nou pral ba w tout detay sou kijan pou w jwenn yon kat vityèl gratis sou telefòn ou an premye, epi apre sa, nou pral wè kijan w ka konekte l ak yon kont PayPal pou w ka jere lajan w pi fasil.
Siw bezwen yon kat depi an Ayiti sou telefòn ou, de pi bon opsyon nou genyen se Wise oswa Meru.
Kisa yon kat vityèl ye epi kijan l fonksyone?
Yon kat vityèl se tankou yon kat kredi nòmal (Visa oswa Mastercard), men li pa fèt an plastik. Li rete dirèkteman nan telefòn ou sou fòm yon aplikasyon.
Li gen 16 chif, yon dat ekspirasyon, ak yon kòd sekirite (CVV) tankou tout kat labank.
Li pèmèt ou fè acha sou entènèt, peye pou piblisite sou rezo sosyal yo, oswa peye pou abònman.
Li pi an sekirite paske se ou menm ki chwazi konbe kòb ou depoze sou li depi nan aplikasyon w lan.
Wise oswa Meru: Pi bon solisyon yo an Ayiti
Aplikasyon sa yo pèmèt ou jwenn yon kont entènasyonal ak yon kat debi trè fasil:
Wise (Pou moun ki gen Paspò)
Wise bay yon kont bankè reyèl (nan peyi Etazini oswa Ewòp) ak yon kat vityèl Mastercard oswa Visa ki trè solid pou PayPal.
- Telechaje aplikasyon an: Chèche « Wise » sou Play Store oswa App Store.
- Kreye kont ou: Enskri ak imel ou epi chwazi peyi w (pou kat la, li pi bon pou w gen yon adrès ki elijib si w gen fanmi lòt bò dlo).
- Verifye kont lan: W ap bezwen yon bèl foto Paspò w ak yon ti verifikasyon vizaj.
Meru (Solisyon rapid pou Freelancers)
Meru se yon aplikasyon pafè pou jèn k ap travay sou entènèt nan zòn Laten-Amerik ak Karayib la pou yo ka jwenn yon kat vityèl fasil.
- Telechaje aplikasyon an: Telechaje « Meru » sou telefòn ou.
- Kreye kont lan: Antre enfòmasyon w yo ak nimewo telefòn ou k ap fonksyone an Ayiti a.
- Verifye idantite w: Sèvi ak yon pyès idantite ofisyèl pou w debloke tout opsyon yo.
- Aktive kat la: Klike sou opsyon kat la pou w ka jenere yon kat vityèl Mastercard pou 5$.

Kisa PayPal ye?
PayPal se tankou yon bous elektwonik sou entènèt. Li pèmèt ou voye lajan, resevwa peman (lè w travay oswa fè kontni), epi achte sou entènèt an toute sekirite san w pa bezwen ekri nimewo kat labank ou dirèkteman sou sit w ap achte a.
Pwoblèm Ayiti a ak Peyi pou w chwazi yo 🚫
Eksplikasyon an senp: PayPal pa sipòte Ayiti pou resevwa lajan. Si w kreye yon kont ak adrès Ayiti, w ap ka sèlman achte, men ou p ap janm ka touche kòb sou li.
Pou w ka resevwa kòb depi Ayiti, ou oblije kreye kont lan sou non yon lòt peyi (w ap bezwen yon adrès ak yon nimewo telefòn peyi sa a pou w pase premye etap yo). Men pi bon vèsyon moun Ayiti plis kreye:
Etazini (USA): Pi bon chwa si w ap sèvi ak Meru oswa Wise (paske yo ba w detay bankè ameriken pou w konekte l).
Repiblik Dominiken (DR): Li trè popilè e li pi fasil pou jere depi Ayiti.
Chili oswa Brezil: De (2) peyi sa yo trè bon si w gen fanmi la ki ka ede w ak yon nimewo telefòn pou kòd verifikasyon yo.
Frans oswa Kanada: Bon opsyon si w gen yon moun serye lòt bò dlo ki ka ede w si yo ta mande verifye idantite w.
Kijan pou w konekte Kat la ak PayPal?
Kounye a ou gen kat vityèl ou (Wise oswa Meru) epi li gen yon ti kòb sou li, men egzakteman kijan pou w konekte l ak PayPal pou kont ou a ka verifye epi pare pou l fonksyone:
Etap 1: Prepare kat la
Louvri aplikasyon kat ou a (Wise oswa Meru) epi kopye enfòmasyon kat la: nimewo kat la (16 chif), dat ekspirasyon an, ak kòd sekirite a (CVV).
⚠️ NÒT ENPÒTAN: Asire w ou gen omwen $1 a $2 USD sou kat la. PayPal ap fè yon ti prélèvement sekirite (anviwon $1.95) pou l verifye si kat la aktif, epi l ap remèt ou kòb la kòt kòt apre verifikasyon an.
Etap 2: Ale sou PayPal
Konekte sou kont PayPal ou a (sou telefòn oswa sou òdinatè).
Ale nan pati « Portefeuille » (Wallet) ki nan meni an.
Klike sou opsyon « Associer une carte » (Link a Card).
Etap 3: Antre enfòmasyon kat la
Type de carte: Chwazi si se yon Visa oswa Mastercard.
Numéro de carte: Antre 16 chif kat vityèl ou a.
Date d’expiration & CVV: Antre dat la ak 3 chif sekirite yo.
Adresse de facturation (Billing Address): Sa a enpòtan anpil! Mete adrès ki anrejistre sou kat vityèl ou a (adrès Wise oswa Meru te ba ou a). Si adrès yo pa parèy, PayPal ka refize kat la.
Klike sou « Associer la carte ».
Etap 4: Verifye kat la pou w debloke kont lan (Confirm Card)
Apre w fin ajoute kat la, PayPal ap mande w pou w konfime l pou kont ou ka verifye nèt e san limit:
- Klike sou kat la nan PayPal epi chwazi « Confirmer la carte ».
- PayPal ap voye yon ti kòd 4 chif nan tranzaksyon kat ou a.
- Louvri aplikasyon kat ou a (Wise oswa Meru) epi gade istwa tranzaksyon w yo (Transactions History). W ap wè yon ti liy ki ekri: PP*1234CODE (kote 1234 se kòd ou bezwen an).
- Kopye 4 chif sa yo, tounen sou PayPal, antre yo, epi klike sou « Confirmer ».
Felisitasyon! Depi etap sa a fini, kont PayPal ou a verifye nèt. Ou ka kòmanse resevwa kòb epi peye sou entènèt san okenn restriksyon depi an Ayiti!
