
Anpil jèn an Ayiti ap pase plizyè èdtan sou TikTok chak jou san yo pa fè yon goud. Men, èske w te konnen telefòn ou an ka tounen yon sous revni pou ou? Wi, ou ka touche lajan vèt ($) dirèkteman nan pwogram monetizasyon TikTok la, menm si w ap viv an Ayiti!
Nan ti gid sa a, nou pral montre w egzakteman kijan pou w kreye yon kont ki pare pou monetizasyon san itilize Vpn.
Poukisa yon kont TikTok nòmal pa ka monetize an Ayiti?
TikTok pa ouvri pwogram monetizasyon li a (sa yo rele Version Bêta) pou tout peyi. Si w kreye yon kont nòmal depi an Ayiti ak rezo Digicel oswa Natcom ou a, opsyon sa a p ap janm parèt.
Pou w ka touche, fòk kont ou an fèt nan yon peyi ki elijib.
tankou (Etazini, Canada,Brezil oswa Lafrans).
Kisa w ap bezwen pou w prepare?
Anvan w kòmanse kreyasyon an, asire w ou genyen:
Yon imel ki vyèj: Sa vle di yon adrès Gmail oswa Outlook tou nèf, ki poko janm gen okenn kont TikTok ki te kreye sou li.
Enstale Aplikasyon TikTok nòmal la sou telefòn,òdinatè ekchetera.
Etap pa Etap pou w kreye kont lan:
- Kòmanse Kreyasyon an ak Imel Vyèj la: Louvri aplikasyon TikTok la, epi kòmanse pwosesis pou w kreye yon nouvo kont. Sèvi ak imel vyèj ou te prepare a , metem yon laj ki gen plis ke 18 lane.
- Chanje Rejyon an nan faz kreyasyon an: Sa a se pi gwo sekrè a! Pandan w ap kreye kont lan, nan moman sistèm nan ap mande w nan ki peyi w ye a, pa chwazi Ayiti. Chanje rejyon an epi mete l sou yon peyi elijib pou monetizasyon tankou Lafrans (France 🇫🇷).
- Konfime ak kòd verifikasyon an: TikTok ap voye yon kòd verifikasyon sou imel vyèj ou a. Ale nan bwat mesaj imel la, kopye kòd la, epi antre l sou TikTok pou w konfime kreyasyon kont lan.
Epi l fini! Depi w fin fè sa, ale nan paramèt kont TikTok ou a (nan pati Tiktok Studio). W ap wè opsyon monetizasyon an parèt byen bèl.
